💰CHAK 31 DESANM YON KLIYAN AP MILYONÈKADO 1,300,000 GOUD
REZILTA PRIM 31 DESANM San Preferans • San Favè • San Fòs Kote
2024
PRIM
PÒTAB PASYÈL
NON PASYÈL
SÈKS
VIL ❤️ AYITI
ANJ
PRIM ANJ
1,000,000 HTG
5094631...(HT)
E. AUGUSTIN
M
Cap Haitien
--
0 HTG
200,000 HTG
1514549...(CA)
M. ESTIMABLE
M
Gonaives
1514701...(CA)
20,000 HTG
100,000 HTG
1561452...(US)
H. DESCOLLINES
M
Miragoane
--
0 HTG
GADE MESAJ GAYAN ANBA Si'w gen yon kont deja, login pou wè kantite chans ou deja genyen nan kont ou.Si'w poko gen yon kont, klike pou'w kreye youn.
31 desanm ane sa, Tiraj Rapid ap fè yon tiraj kado espesyal de 1,300,000 goud. Twa prim yo se: 1,000,000 goud; 200,000 goud; ak 100,000 goud. Jwenn yon chans pou chak jou'w plase kòmand, kèlkeswa montan paryaj la.
ANJ BENEFISYE TOU Si'w se yon ANJ, epi kliyan'w genyen yon prim, n'ap fè'w kado 10% valè montan prim nan. Se yon extra kado ki pa soti nan kòb prim kliyan genyen.
Tiraj kado espesyal sa se koutwazi mesaje DMS Ayiti. Anplwaye DMS Ayiti pa elijib pou patisipe nan tiraj kado sa. Mèsi anpil pou konfyans ak patwonaj ou. Bon chans.
MESAJ GAYAN 2024 Nou kite mesaj yo san koreksyon, jan yo te ale/vini.
||||
E. AUGUSTIN Ayiti. Vil ❤️ Okap Premye prim: 1 MILYON GOUD
||||
Okap, 10 Janvye 2025 Lèt tou louvri pou Direksyon ak kliyan Tiraj Rapid Mwen retire chapo mwen byen ba pou salye nou tout. Nan dat 31 Desanm 2024, mwen te resevwa yon imel de Tiraj Rapid, mwen te barase nan voye mesaj, mwen pa louvri li. Mwen resevwa yon SMS sou telefòn mwen tou, mwen pa louvri pi rèd. Nan demen maten, mwen wè plizyè apèl manke, ak de nimero diferan, lè male pou fè yon plan apèl pou mwen rele, telefòn nan sonnen, epi moun nan di: eske se Ogisten, mwen reponn wi, epi li di ou genyen premye prim nan kado milyon Tiraj Rapid pou 31 desanm 2024. Apre remèsiman, mwen kouri al verifye kont Tiraj Rapid mwen. Se konsa mwen te wè mwen milyonè. Se avèk anpil anpresman ak devouvan ke ekip Tiraj Rapid lan te mete kòb lan sou kanè bank mwen. Nan moman an la, ti milyon an ap dodo meya sou kanè bank mwen. Yon gwo mèsi, epi bon siksè a tout ekip Tiraj Rapid lan. Jodi an se mwen, demen se yon lòt kliyan ki pral genyen. Sa vle di, nou menm kliyan, nou sipoze rete fidèl pou nou ka jwenn kado pa nou tou. Mèsi, bon siksè a tout ekip lan, epi bòn chans a tout kliyan yo. Anpil rèspè pou nou tout. E. Augustin
||||
MEZANMI, NOU JWENN AUGUSTIN ! Pou nou pi byen di, Augustin kontakte nou. ** Augustin fè premye prim 1 MILYON GOUD nan tiraj Kado Milyon 31 Desanm. ** Augustin di Tiraj Rapid mèsi. Nou di'l nou kontan pou li anpil. Nou raple Augustin tou ke tiraj la fèt SAN PREFERANS, SAN FAVÈ, SAN FÒS KOTE. ** Demen, n'ap mande Augustin ak 2 lòt gayan yo (Estimable ak Descollines) pèmisyon pou nou poste reyaksyon yo. ** Mèsi anpil, tout moun. Ankò, BÒN ANE 2025. ** DMS AYITI https://TirajRapid.com/Milyon
||||
Bonjou. Se ak tout kè mwen, ke map remèsye Ekip Tiraj Rapid lan. Map pwofite swete nou tout yon bon lane ak anpil siksès. kòm nou mande pou kontakte nou, mwen konmanse fè retrè deja sou kont mwen. Nan de jou, ma voye nimero on kanè bank ke mwen gen nan [non bank kache] pou yon virman. mèsi deske nap konprann mwen. Anpil respè. E. Augustin
Bondye wè tout bagay. Mwen toujou pale de nou, e mwen toujou bay enfòmasyon ki konsène nou, map kontinye fè sa E. Augustin
Merci, cela devrait prendre deux jours ouvrable, Je vais attendre pour la mise à jour du livret. Mèsi ak tout kè mwen. E. Augustin
Se mwen ki poko te voye nimero an. O kontrè, se konpliman pou mwen fè paske nou konprann sa, épi sèvis lan vrèman rapid. Se normal, paske se Tiraj Rapid. E. Augustin
Bon siksès pou tout ekip lan, Map tann mega ou byen powerball lan. Chak bagay gen lè yo. E. Augustin
||||
M. ESTIMABLE Kanada. Vil ❤️ Gonayiv 2èm prim: 200000 Goud Wow!! Mesi ampil, ke l'unvers continuer à proteger Tirajrapid et ses employé, ampil succès pou tout ané kap vini yo.Mèsi ankor
||||
H. DESCOLLINES 3èm prim: 100000 Goud USA. Vil ❤️ Jakmèl Mèsi anpil
||||
BONJOU, TOUT MOUN. ** A MINWI aswè a, tiraj KADO MILYON 31 DESANM ap fèt. Sistèm nan ap seleksyone gayan yo poukont li, SAN PREFERANS, SAN FAVÈ, SAN FÒS KOTE. ** Nenpòt kliyan ka milyonè, menm si'l te jwe yon sèl jou nan ane a, menm pou yon santim. ** Ou gen YON CHANS POU CHAK JOU'w plase kòmand nan ane a, kèlkeswa montan paryaj la. Anplwaye DMS Ayiti pa elijib pou patisipe nan tiraj Kado Milyon 31 Desanm. ** Kontab DMS Ayiti ak kabinè D'Meza ap sipèvize premye tiraj sa. ** Mèsi anpil pou konfyans ou, fidelite'w, ak patwonaj ou. Nou apresye sa anpil. Nou nan bon men. Tout tan. Se minimòm ke nou pwomèt tout kliyan nou. ** BON CHANS, TOUT MOUN. https://www.TirajRapid.com/Milyon ** DMS AYITI
||||
REZILTA TIRAJ KADO MILYON 31 DESANM 2024 ** Kliyan E. AUGUSTIN genyen premye prim. 1,000,000 GOUD (1 MILYON GOUD) Pòtab: 5094631...(HT) Sèks: M Vil Ayiti: Cap Haitien ** Kliyan M. ESTIMABLE genyen 2èm prim. 200,000 GOUD Pòtab: 1514549...(CA) Sèks: M Vil Ayiti: Gonaives Non ANJ li: A. PAULO Pòtab ANJ li: 1514701...(CA) ANJ li fè: 20,000 GOUD ** Kliyan H. DESCOLLINES genyen 3èm prim. 100,000 GOUD Pòtab: 1561452...(US) Sèks: M ** https://TirajRapid.com/Milyon ** Kabinè avoka sipèvize tiraj la. Anplwaye mesaje DMS AYITI pa elijib pou patisipe nan tiraj Kado Milyon 31 Desanm. ** BON ANE 2025 HAPPY NEW YEAR BONNE ANNÉE ** Mèsi anpil pou fidelite, konfyans, ak patwonaj nou. Nou apresye sa. Anpil. Nou nan bon men. Tout tan.
||||
BÒN ANE 2025, TOUT MOUN. ANKÒ, NOU FELISITE GAYAN YO. ** E. AUGUSTIN fè 1 MILYON goud. M. ESTIMABLE fè 200,000 goud. H. DESCOLLINES fè 100,000 goud. ** Yon ti istwa sou Augustin. Istwa Augustin sou sistèm nan touche kè nou anpil. Franchman, nou vrèman pa ka dekri a ki nivo nou tout kontan. ** Augustin abite Okap. Nou poko ka jwenn misye toujou. Nou imajine ke Augustin ka anba gwo sezisman. Dènye tranzaksyon li fè sou sistèm nan se aswè Samdi 28 Desanm 2024 a 9:58:22 PM. ** Lè Augustin te anrejistre nan sistèm nan, se ti tikè Mega ak Powerball li te konn voye achte. Lè'l te kòmanse a, nou potko kreye sèvis mesaje bòlèt la. ** Lachans ki deside souri sou Augustin yèswa fè nou tout nan biwo a sezi anpil. Nou kontan anpil. Nou felisite'w, Augustin. ** DMS Ayiti https://TirajRapid.com/Milyon San preferans. San favè. San fòs kote.
PI GWO SISTÈM SEZISMAN Powerful Statistical System Système Statistique Puissant Sistèm pou Ayisyen nan 40 peyi AYITI KONT AYITI DYASPORA KONT DYASPORA AYITI KONT DYASPORA USA KONT LÒT PEYI FANM KONT GASON
Nou travay di pou kliyan nou satisfè. Sa fè moun toujou pale byen de nou.