Bonjou ☀️ Mèkredi 12 Fevriye 2025
64 TIRAJ 💜 Touche RAPID

AVANTAJ BÒLÈT LAKAY AYITI





AYISYEN DWE JWE KAY AYISYEN
Oswa, fè Kenken bèl?
✍️Lotri/Santral Ayiti
🥇Avantaj Tiraj Rapid




KISA SÈVIS MESAJE BÒLÈT LA YE?
Tou senpleman, se yon sèvis mesaje ki al achte bòlèt nan men ajan bòlèt otorize an Ayiti. Moun Ayiti ak aletranje ka itilize sèvis la.

POUKISA TIRAJ RAPID KREYE SÈVIS SA?
Gen Ayisyen nan 40 peyi ki itilize sit Tiraj Rapid la. Depi lontan, anpil nan kliyan sa yo ap mande pou yo ka achte bòlèt sou sit la. Nou te pwomèt yo ke n'ap kreye yon sèvis pou ede yo. Se pou rezon sa nou kòmanse sèvis mesaje bòlèt la. Men 40 peyi ke Ayisyen ki fanatik Tiraj Rapid abite. Nou mete yo nan lòd alfabetik:


LIS 40 PEYI KI GEN AYISYEN
SOU SISTÈM NAN

(Nan lòd alfabetik)

Ajantin (AR), Angletè (GB), Ayiti (HT), Bahamas (BS), Barbad (BB), Benen (BJ), Brezil (BR), Chili (CL), Dominik (DM), Ekwatè (EC), El Salvador (SV), 🏡 Etazini (US), Frans (FR), Giyàn (GY), Giyàn Franse (GF), Gwadloup (GP), Kanada (CA), Kiraso (CW), Kolonbi (CO), Kot Divwa (CI), Latiki (TR), Lil Tirk ak Kayiko (TC), Lil Vyèj Ameriken (VI), Lil Vyèj Angle (VG), Madagascar (MG), Matinik (MQ), Mawòk (MA), Meksik (MX), Nikaragwa (NI), Ondiras (HN), Perou (PE), Pòto Rico (PR), Repiblik Dominiken (DO), Sen Kitts ak Nieves (KN), Sen Lisi (LC), Sen Marten (SX), Senegal (SN), Sirinam (SR), Swis (CH), Venezyela (VE)

ESKE NOU OFRI KLIYAN YON AVANTAJ ESPESYAL?
Depi ou voye achte bòlèt, epi ou pèdi nan dènye 7 jou yo, w'ap jwenn 10% CASH BACK. Pa egzanp, si'w voye achte pou 1000 goud, epi ou pa genyen menm, n'ap mete 50 goud frè mesaje a nan kont ou. Nou travay pou ede tout kliyan nou.

SI'M PA AYITI, ESKE MWEN KA ITILIZE SÈVIS SA?
Wi, san pwoblèm. Objektif prensipal la se fè li fasil pou dyaspora Ayisyen (ak moun lakay tou) ki vle jwe bòlèt kontinye pran chans yo lakay yo an Ayiti. Si dyaspora yo fè sa, Ayiti ak fanmi yo ap benefisye. Pa egzanp, si'w genyen, ou ka mete kòb la menm kote a sou Mon Cash fanmiw an Ayiti oswa Mon Cash nenpòt lòt moun ou vle.

SI'M ABITE AYITI, ESKE MWEN KA ITILIZE SÈVIS SA?
Wi. Nou vle sa. Sonje tou ke tout moun (kelkeswa kote yo abite) ki itilize sèvis la ap gen aksè gratis sou sit Tiraj Rapid la.

POUKISA NOU PA ACHTE BÒLÈT LA NAN LÒT PEYI?
Senpleman paske bòlèt Ayiti a pa legal nan lòt peyi. Pa egzanp, kwake gen kote nan New York, Florida, ak lòt eta ki vann bòlèt nan Etazini, nou pa ka al achte pou ou nan men yo. Se nan men ajan bòlèt otorize an Ayiti sèlman nou ka achte. Dayè, sonje ke youn nan objektif prensipal yo se ede kòb antre an Ayiti.

POU KI KANTITE KÒB MWEN KA JWE YON BOUL?
Ou ka voye achte yon boul oswa yon maryaj pou minimom 0.25 USD jiska yon maksimòm 30 USD. Si montan an wo, nou ka divize'l ant 2 oswa plis ajan.

ESKE MWEN KA JWE TOUT TIP LOTRI AYITI YO?
Wi, paske se Ayiti nou achte bòlèt la pou ou. Se poutèt sa ou ka jwe Bòlèt 2Chif, Loto 3Chif, Loto 4Chif, Loto 5Chif, ak Maryaj.

KIJAN TIRAJ RAPID FÈ KÒB?
Nou fè kòb 4 fason:
1) Ajan peye nou frè mesaje;
2) Bonis ajan lè moun genyen;
3) Abònman ak rekèt sou sit la; epi
4) Currency exchange (konvèti lajan).

KIJAN POU'M RANPLI FICH LA?
Nou gen egzanp ak enfòmasyon sou paj la ki montre'w kijan pou ekri fich la. Li fasil.

KI KANTITE KÒB BÒLÈT YO PEYE?
Tout bòlèt legal an Ayiti peye selon règleman ANTB ak LEH.
1) Boul 2Chif: 50/20/10
2) Maryaj: 1,000 fwa miz la
3) Loto 3Chif: 500 fwa
4) Loto 4Chif: 5,000 fwa
5) Loto 5Chif: 25,000 fwa

LÈ'M GENYEN, KIJAN M'AP TOUCHE?
Nou vle'w genyen pou ka wè kijan touche fasil. Tiraj Rapid peye'w sou sistèm nan epi nou kolekte fich la. Si'w genyen mwens ke ekivalan 10,000 goud, se sèl ak Mon Cash w'ap ka retire'l. Ou ka mete kòb la sou Mon Cash ou oswa Mon Cash nenpòt lòt nimewo ki gen Mon Cash an Ayiti. Si'w fè ekivalan omwen 10,000 goud, ou ka itilize Mon Cash oswa ou ka mande nou pou voye kòb la pou ou nan nenpòt currency. Nou ka voye kòb la pou ou ak Zelle, PayPal, oswa Western Union.


🔞 MINÈ PA KA ITILIZE SÈVIS SA.
PLEASE, PLAY RESPONSIBLY.

🥇CHANPYON ORLANDO





NY - FL - GA - AR - CA - CT - DC - DE - IA - ID - IL - IN - KY - LA - MD - ME - MI - MO - MS - NC - NH - NJ - NM - OH - ON - PA - QC - SC - TN - TX - VA - VT - WI - WV


PI GWO SISTÈM SEZISMAN
Powerful Statistical System
Système Statistique Puissant
Sistèm pou Ayisyen nan 40 peyi


AYITI KONT AYITI
DYASPORA KONT DYASPORA

AYITI KONT DYASPORA
USA KONT LÒT PEYI
FANM KONT GASON



Nou travay di pou kliyan nou satisfè.
Sa fè moun toujou pale byen de nou.